Poetical Quill Souls

Poetical Quill Souls

This blog contains a collection of renowned and young authors from around the world poems in the languages in which they were originally written. Each file includes author’s photo or portrait and brief biography. We offer news and announcements of interest to professional and amateur writers (writing competitions, poetry press, etc) too.

Este blog recoge una selección de poemas de reputados autores y jóvenes promesas de todo el mundo en las lenguas en las que fueron escritos originalmente. Se incluye en cada ficha una breve reseña biográfica del autor y fotos o cuadros de éste. Se complementa el grueso del material con datos de interés para escritores profesionales o aficionados a la literatura (como información sobre certámenes literarios, editoriales dedicadas a la poesía, etc).

Georges Castera

Lè ou ri

Figi-w kase kòd,
ou ri tout ri
ki nan kò-w
ou ri tout solèy,
tout lalin
tout lari
brase ansanm,
ou pase yo lan rizib,
pase yo lan krib
fen fen
jistan lonbrit
tout chimen
ateri lan plamen-ou.

Lè ou ri, cheri,
se kouri van ape kouri
pou-l vin ri
avè-w.
Lè ou ri
se konsi se solèy
ki poze lan men-m
an milyonven ti moso
zenglen mouri-limen.

Chak kou ou ri,
m'ri tou
pou-m mouri ak ri
lan bra-w,
pou-m mouri
lan latouni ak ri.


Georges Castera (Puerto príncipe, Haití, 1936). Poeta, dramaturgo, traductor, ensayista y músico.