Georges Castera

Lè ou ri

Figi-w kase kòd,
ou ri tout ri
ki nan kò-w
ou ri tout solèy,
tout lalin
tout lari
brase ansanm,
ou pase yo lan rizib,
pase yo lan krib
fen fen
jistan lonbrit
tout chimen
ateri lan plamen-ou.

Lè ou ri, cheri,
se kouri van ape kouri
pou-l vin ri
avè-w.
Lè ou ri
se konsi se solèy
ki poze lan men-m
an milyonven ti moso
zenglen mouri-limen.

Chak kou ou ri,
m'ri tou
pou-m mouri ak ri
lan bra-w,
pou-m mouri
lan latouni ak ri.


Georges Castera (Puerto príncipe, Haití, 1936). Poeta, dramaturgo, traductor, ensayista y músico.